Jinèt ak Jera

Yon nouvèl Jan Mapou

Jinèt, ki fèk resevwa yon viza touris pou Lèzetazini, marye ak jera anvan l’kite Ayiti.Rive l’rive Nouyòk li fè ladesant kay sè Jera, Mariz, ansyen bon zanmi li an Ayiti.Akoz de strès lavi Nouyòk (bil ki pou peye, Jinèt ki pa p’travay) relasyon yo pa pran tan pou yo gate.Yon sitiyasyon ki, lè Jera rive Nouyòk,li menm, pral gen anpil konsekans sou istwa koup la.Pral menm responsab yo kite.

Liv la, jan nou wè l’la, ap trete yon bel sijè, yon sijè plis ke enteresan, yon sijè fòmidad: istwa de moun ki renmen anpil e kijan reyalite di, reyalite terib lavi Nouyòk rive dezini yo (se antouka sa nou wè e sa prefas Emile Celestin-Megie a fè nou konprann tou) men dapre mwen, ekriven an, yon fantezis fini, rate pwojè li, pou plizyè rezon : Premye a se kredibilite pèsonaj yo : Ki moun yo ye ekzakteman ? ki background presi yo? Jinèt : Gen 24 an. Anplis li propriyetè anpil tè ak anpil kay, papa l’se komisè gouvènman (depi l’piti, li leve jwenn papa l nan gouvènman, naratè a presize pou nou) li te lekòl ka Mè Lali.Li abite kay paran li riyèl Chavàn. Ki anviwonnman kiltirèl ak abitid rekreyatif li?Mizik li renmen:Edith Piaf, Charles Aznavour, Nana Mouskouri.Li toujou sòti nan wikenn. L’al nan bal Casino international, al sinema Rex-Théâtre, osnon Drive-in-Ciné (se ki sipoze omwen posesyon klè yon otomobil nan fanmi an). Apre sinema a y’al bwè krèm ka Mara.Li se sèl pitit manman l’ak papa l’(Sèl pitit yon komisè gouvènman byen etabli, ki te lekòl kay Mè Lali, e selon sa istwa a lese n konprann, nan ane swasant, ki nivo skolè li? Brevè. Ki chwa metye li fè ? Tande byen: Li diplome nan kouti. E l’ap travay ka Madsenn ! Mhou !).

Vin nou jete yon ti koudèy sou Jera li menm : Jera se yon òfelen. L’ap viv ak yon matant ki pa p leve ni lou ni lejè, naratè a di nou. Li fè reto.Li desann filo de fwa men li koule pou franse ak matematik (tande byen wi sa ki koule Jera, fiyanse defavorize pitit yon komisè gouvènman  !)Li abite ri Kapwa. Afè l pa bon ditou (li poko janm chita devan yon pòs televizyon nan vi l, naratè a di nou, e l espere Nouyòk a va pèmèt li fè sa!) « Li soti Fonvèrèt, rantre Pòtoprens ak de pantalon plen linèt, twa chemiz rabi ak lanmidon, youn soulye semel kreve ak de chosèt lapòs.Si jera kenbe nan Pòtoprens, rive jouk nan reto, se grasa Jinèt.Ankachèt, san manman l’ak papa l’pa konnen, Jinèt bay Jera tout sipò li te kapab pou li kenbe lekòl. L’achte rad pou li, kalson, chosèt, chemizèt, achte liv dezyèm men devan Lapòs an oktòb, lè lekol ap louvri, ba l’ti monnen pòch pou sigarèt li.Emenm li konn ba l’ti kòb pou l’achte bòlèt ledimanch osnon pou l’al jwe loto ak zanmi. »(pp 4-5)

N’ap pase sou ka ekseptyonèl ki fè de moun sa yo rankontre sou chemen yo, renmen e deside marye(yo pa di lanmou avèg !)men gen de bagay, an verite, nou pa ka pran nan men otè a, e nan yon istwa sitou ki gen pretansyon reyalis : premye a , se pou ki rezon se Jinèt ki cho k’bezwen pati a (Swadizan kòm touris men, pi devan, n’a wè se pou l’al chèche lavi. E san rezidans, silvouplè!). Dezyèm nan, gen de bagay ki pou nou konstitye sa nou ta kapab rele pwoblèm karakteristik grav :

A, Abitid de vi jera, pa regzanp: Pou Jera (militan revolisyonè, Hen, anplis !) ka siviv nan Pòtoprens, kisa l’fè : li jwe bòlèt. « Pou Tinèg siviv, y’al dòmi bonè pou yo fè bèl rèv osnon tonbe fè maji, desann zetwal pou yo ka genyen yon ti monnen nan bòlèt » (paj 5) Èske milye sosyal mwen konprann Jan Mapou ap dekri a se byen sa. Dapre eksperyans mwen fè an Ayiti, moun ki te konn gen pratik sa yo, oubyen yo te konn prezante pou gen pratik sa yo (fè maji, desann zetwal pou jwe bòlèt) yo te konsidere yo trè mal nan sosyete a. Petèt yo pa t’eskli yo men te toujou gen yon ora sispisyon ki pandye sou tèt yo. Yo te majinalize yo.Tankou lougarou, tankou djab !

B,O nivo langaj, asavwa jan otè a fè pèsonaj yo eksprime yo : otè a pa konn yon bagay yo rele nivo de lang ki egziste.Ni non plis varyasyon yon lang kapab prezante sivan milye sosyal ak idantifikasyon sosyal Lokitè yo. Olye l’mete tèt li alekout pèsonaj yo, eseye tande kijan yo ta pale an fonksyon de edikasyon yo, anbisyon yo, milye sosyal yo, “se kreyòl l’ap ekri.”Yon kreyòl ki pa fè okenn diferans ant yon ansyen elèv Lali, pitit yon komisè gouvènman etabli (ki anplis renmen Edith Piaf, Charles Aznavour ak Nana Mouskouri) ak yon gwògman karavachè, yon malerèz, machann twal sou pòtay, osnon yon pwostitye Granri! [lè m’di sa a, se pa « le beau parler »m’ap mande. Nou konn trèbyen ki prejije sosyal ki kache dèyè nosyon sa a. Sa m’ap mande a se verasite] Yon egzanp ? A Jera, li pwopoze maryaj legliz, e ki, pou rezon ekonomik, ta prefere yon ak sivil, men sa Jinèt reponn: - Lè ou pase aksivil san rantre legliz, pou lasosyete se plase yo rele sa(…)Dayètou, mwen pa p’aprann ou anyen.Se gason ou ye ou konn sa.E tout zanmi m’yo, sa yo pral di ? Non frè !…M’konnen ou p’ap travay, ou pa p’leve lou, ou pa p’leve lejè ; malgre ou gen papye reto-w nan men-w, ou pa ka jwenn menm yon ti djòb pwofesè…Grasadye, kounye-a, ou kay Lawòch, w’ap etidye kontabilite, ou preske fini, alòs pran pasyans. Jou pa-w poko sonnen. Sen Jozèf se bon pwotektè, li pa p’janmen lage-w. Papa-m pwomèt pou li chache youn debouche pou ou, youn ti kenbe men. Tankou ou konnen, politik se move kavalye. Se tankou youn vag lanmè k’ap woulawoup monte-desann. Depi kèktan, pouvwa lepè ap desann. Se pa de mannigèt y’ap fè pou yo pran ti djòb konmisè-a nan men-l. Pran pasyans cheri. – Twòp pasyans kale djondjon devenn, Jinou.

This entry was posted in Publications. Bookmark the permalink.