Recho Etajè

(…)

pa mande m poukisa m bèl alkòl mwen wo

pati, se pa sou pye yo fè sa se sou do

chapo pay pa vin kout jou gwo van

redi monte mòn nan wa wè

nou pati yon ka wonm pou chagren n, yon kokenn parapli pou lapli dizè, de bann mare tankou bri tanbou, dyab la t ap dòmi, nou frape tòk tòk tòk nou frape nou di leve branch nou pèdi koulè, dyab la te kontinye dòmi.

nou mete pye l nan kòd nou redi. pye l t ap seche sou wòch, de men l te pann tankou de ram dlo, de dimanch san chagren pou kadav, de fi fòl lan lapli, de gwo twou lopital pou kadav san kòl, nou redi nou redi, de men l te kòmanse bouje, kay van bwote jou gwo van, sèkèy ti bebe san bavèt, fil pouri sou trip fanm, epi definitif de gwo koulèv parèt, de mòn byen bande pou lapli.

alò nou ranmase wòch, fè sèso, lanmidon, bwat lèt vid san konte sa k te vivan lavèy, sa k te pouse sou nou tankou mouch nan maleng, tankou vèdik sou jij, pye pwa pou mèch lanp fòl, pwèl fou pou lapli chagren, fisèl pou kalkile sezon règ, milpat san soulye. nou mete yo an ran, nou fòme yon gwo ranje dwat pou n kache, epi nou rete tann.

gwo ranje a , kapitèn lavi chè, kle prizon pèdi di kole vyèj sou panno se pa tout. nou te tande an verite, nou te tande, nou te fè bak, nou te desann yon mach, de mach, twa mach preske san gade, nou te tonbe sou yon gwo lenn blanch ki te redi n pi ba, lanmidon konn sèvi lè move tan sou bato, lè n gad dèyè nou pa wè mouch, nou te pè, an verite nou te pè.

de bo nou te fè, de tifi pwòp te parèt nan plamen n, yo grandi yo grandi, rive minui yo te deja gran. premye a, yon pye pwa ak yon gwo lalin sou chak branch, tezen pou chagren timoun, lonbraj pou lè jou bare n, dezyèm lan, si l te lapli pou mouye flè se pat sa n te chèche, si l te zèb fòl sou waf se pou gide kannòt. Rive inè yo te gran tifi, moso pou bit tè moso pou baryè.

tifi se pa pou nou bliye tifi, rigòl se pa sèlman pou fatra, timoun se pou bèl traka yo grandi, timoun, fòk nou kache yo là antrav, fòk nou fè bo pou yo, jodi a chalè pa pouse sou pye n, demen se pa ti pousyè sou bak, lapli, lè van va vante la vini, lavi se mache prese, chapo, vin di ki koulè ou vle se kado gratis.

albano se jakmèl gwo nich zwazo sou dlo gwo nas pechè lanmè pran albano, kado fanm fè lanmè pou l ka sèl

albano, konsa n te rele chak tan minui pran n deyò chak tan solèy te anwo n ram dlo pat rive se sa k fè peryòd sent granmoun yo toujou di chante fò bo lanmè lè fè cho

pou tifi yo ret bèl menm lè gen sechrès epitou mwa dout se mwa fre li toujou pote dlo lè lapli pa t vini, dlo a, yo te fè l fè manje sèl gratis pou tout moun lanmè toujou pre men tou, lè lapli te vini dlo a te toujou sèvi fi yo konn sere l fon nan kruch pou l pa fonn

flè pa pouse bò sann depi tan, depi tan nou sou wout, dènye gout lapli potko menm fennen, dènye mòso planch nan dife, li potko chalè dènye bo n te fè l n te kite lavil. depi tan n ap mache, pye n te glise tè wouj non pye n twe glise tè nwa se li ki wouj jpou lapli se li ki gen twou pou dlo.

Pierre-Richard Narcisse, Recho etajè (1982)

This entry was posted in Textes and tagged , , . Bookmark the permalink.