Jinèt ak Jera

Manman Jinèt pa dakò ak maryaj la, pou kalme manman l’men sa otè a fè Jinèt di : Manman cheri pa fatige-w.Ou ak papa-m, nou ban-m bon levasyon(…) Jinet k’ap pale ak Jera : Se boubout mwen ou ye cheri.M’pa konsidere-w kòm mennaj ankò, nou pase estad sa a.Se pa vre chouchou ? Cheri, m’gen oun bon ti kraze Bank Nasyonal(…)Zafè fanm se mistè. Adye ! Fòk mwen te bat tanbou a pou mwen te tande son l…Aladekozepapa !

Kelkeswa jan ou konsidere fè sa a, yo rele li abitrè.Enpresyon otè a bay la, se enpresyon yon jwè pokè ki pa konn twò byen ki kat li kenbe lan men l’. Enpresyon yon nonm ki pa peze konsekans done li met an plas yo, yon nonm k’ap kole pyese, yon nom k’ap fè patchwòk. Defo sa a (kite m’rele li fòlkloris toujou) se yon defo nou rankontre souvan nan pwodiksyon literè kreyòl la.Kote sa ki enpòtan pou ekriven an, se pa verite k’ap enonse a, se pa eksprime ak presizyon lide ki nan tèt li a, men se fè demonstrasyon ak lang lan.Se fè parad.Moun k’ap pwouve lòt kijan yo pi « natif-natal ». kijan yo pi pwofonde kilti peyi yo. Kijan yo pi metrize « vrè kreyol la». Tankou si ta gen yon « vrè kreyòl » ki kache kèk kote, nou tout alawonnbadè ta sipoze pale. Tankou si lang lan ta yon fenomèn abstrè ki pa epouze ideyoloji, pratik kiltirèl ak bezwen spesifik kouch sosyal k’ap pratike li yo.(Lè m’gade kantite varyasyon ki gen nan franse, anglè ak espayòl, varyasyon sosyolengwis yo eksplike pa yon bann faktè, mwen ta renmen mande moun sa yo ki sa ki vrè franse, vrè angle ak vrè espayòl pa regzanp) Onon vrè angle, imajine Erskine Caldwell k’ap fè blan pòv nan sid Lèzetazini pale tankou yon pwofesè Princeton oubyen Havard university.Oubyen alenvès, imajine Henry James k’ap fè pèsonaj li yo (an jeneral moun milye eze)pale tankou ouvriye indistri otomobil Los Angeles. Pratik sa yo, se pratik folklorik yo ye. Anplis ke yo maladwa, Yo reflete eta mantal yon entelijannsya ki, tankou Jean Price Mars ta di, pa konprann twò byen misyon istorik li. Ki pa konprann, de pa pozisyon li, li gen yon wòl konsiderab pou l’jwe, li menm tou, nan devlopman kreyòl la, nan pèmèt li eksprime non sèlman tout aki syantifik limanite, non sèlman tout valè fondamental sivilizasyon n’ap evolye ladan l’lan, men tout reyalite, san distenksyon, ki egziste sou latè beni. Olye de sa, li pito ap amize l’efase tèt li. Li pito ap fè lamayòt!  Dyakout li byen di nan men l’l’ap chèche ekspresyon fò, ekspresyon pitorès (plis mo a parèt pi lwen franse a, plis li pi bon, plis li pi kreyòl !)Ah ! si o sèzyèm syèk,epòk laten t’ap domine, Lafrans pa t’gen chans jwenn yon elit konsekan (m’ap pale de imanis yo, ak gwoup La pleiade la) franse a sètènman pa t’ap lang li ye jodi a :[yon lang soup, yon lang rich, presi, yon lang kilti jeneral]! Pratik sa yo, m’ap repete l’ byen fò, baze sou anpil konfizyon. Yo pa p mennen kreyòl la okenn kote, sinon nan enpas. Nan chemen jennen. Tan y’ap fè nou pèdi. Retade y’ap retade epanouyisman li, pa plis.Men, eskize m’ pou ti digresyon sa a, an n’retounen byen vit sou liv la :

2- A kote pwoblèm sa yo, nou resanse lòt ankò:
sikoloji
Reviman santiman jera pa rapò a Jinet la, pa konvenk nou ditou.Li fèt toudenkou e lelandemen jou jera rive Nouyòk la. Se ki montre nou feblès otè a sou sikoloji moun ki renmen, separasyon santimantal.Jera nan je nou, pa parèt yon moun ditou, li pa yon ètrimen, se yon mons li ye, e pa nenpòt ki mons : yon dyab de kòn !
Yon pwoblèm leksikal lakay naratè a: fiske (pou fikse), silema (pou sinema), levasyon (pou edikasyon) k ap vwazine ak yon bann lòt mo franse otè a kontante l kreyolize. Mo pa inosan. Yo reflete sitiyasyon sosyal moun k’ap pale yo. Yo gen konotasyon san konte chaj emosyonel tou.Yon otè chwazi mo li vle men fòk li byen konsyan tou sa chwa sa yo enplike.Sa chwa sa yo di sou naratè a ak sou nati mesaj li vle fè pase a (mesaj net,ironik,deplezan etc…)Konsyans nou pa gen lenpresyon Jan Mapou genyen.

Kontradiksyon nan istwa a :Otè a manke stabilite nan presantasyon li fè de pèsonaj li yo.
Jinèt , pitit komisè gouvènman (moun sa yo chaje ak tè, chaje ak kay) afè l’te bon,nan kòmansman liv la, men sa otè a fè jera di sou li nan fen liv la.
« Wi, Mariz gen rezon ! Se pa Jinèt sa a mwen te konnen Ayiti a…SE pa Jinet ki kite m’Ayiti, rantre Nouyòk vin chèche lavi a.Jinèt pa nenpòtki kounye-a. Relasyon-l lonng…SE gwo bebe ! SE bèl bagay ! Zen sa y opa janm di nan lèt 10 paj ou konn ap ekri-m yo »(p.41)
Men Jinèt li te prezante nou nan kòmansman liv la,Jinèt ki pral Ogriyodò, Casino international,kay Mara, se te yon gwo bebe si m’sonje byen ! Sa k’pase antretan? Otè a bliye pèsonaj li te kanpe a ?
Gen varyasyon tou pou Jera :
« Jera se yon òfelen.Pesonn pa janm konnen kilè ak kijou papa l’ak manman l’mouri. L’ap viv ak youn matant ki pa p’leve ni lou, ni lejè »(p 4)Men sa naratè a te di nou nan kòmansman liv la.Poutan nan paj 35 men sa l’fè Mariz, sè Jera, di :
« Depi nou piti n’ap soufri, manman ak papa malerez. Se nan di yo fin fè edikasyon-n.Li lè kounye-a pou nou wè si n’a pote yo sekou.(p.35)
Eske se serye ?
Pou fini, si entansyon istwa se devlope kijan tribilasyon nan Nouyòk kapab rive dezini koup ki pi solid la, mwen kapab di li rate pwojè li, pase otè a pa akòde tèt li tan pou devlope sijè a.
Ki pwen pozitif ? Malgre tout kritik nou fè istwa a, nou pa ka di li pa chèche eklere nou, li pa chèche sansibilize nou sou yon ekperyans terib : istwa ayisyen nan Nouyòk. Dezyèmman, Jan Mapou gen yon bèl plim, yon plim ki konn eksprime lide l’avèk fòs.Yon plim ki ta ka akouche pi bèl proz nou janm wè nan kreyòl ayisyen an . Men si l’vle kontinye ekri nouvèl ak roman, fòk li ta bay tèt li plis rigè ak disiplin, fòk li ta mwen fantezis, fòk li ta fè mwens transpozisyon sosyal. Brèf, fòk li ta mete tèt li alekout toutbon vre sitiyasyon ak pèsonaj li vle dekri yo.Se sa ki rann pèsonaj yo vivan. Se sa ki fè yo ret grave nan tèt nou.Nan memwa nou.

This entry was posted in Publications. Bookmark the permalink.